This page has not been translated into Kreyòl. Visit the Kreyòl page for resources in that language.
Fact Sheets
FEMA te aplike aktyalizasyon ki pi enpòtan nan matyè asistans kont dezas nan 20 dènye ane yo.
Re-konfimasyon se yon pwosesis FEMA itilize pou kapab re-evalye Lojman Dirèk rezidan yo gras ak vizit chak mwa yo. Sa ede motive rezidan yo pou suiv Plan Lojman Pèmanan yo.
Sivivan Siklòn Idalia ki te apwouve pou Inite Lojman Tanporè yo ka elijib pou rete nan inite FEMA bay yo pou jiska 18 mwa apati dat deklarasyon katastwòf la pandan y ap chèche opsyon lojman pèmanan. Pa kont, yo dwe suiv tèm ak kondisyon Lisans FEMA Kapab Retire nan Men yo oswa Akò Lojman Tanporè yo gen ak FEMA.
FEMA ak Eta FLorida ap travay pou asire moun Florida yo ki te gen kay yo ak pwopriyete yo andomaje nan Siklòn Idila gen kote ki an sekirite pou yo rete tanporèman pandan y ap kòmanse rekiperasyon yo.
Pa pran tan pou aplike pou asistans FEMA pandan w ap tann règleman asirans ou. Dat limit pou aplike a se 29 Oktòb 2023.
Si ou te resevwa premye asistans pou lokasyon nan men FEMA apre siklòn Idila, ou ka elijib pou kontinye asistans lojman tanporè a nan kad Pwogram Endividyèl ak Fanmi FEMA a.
Sivivan ki aplike pou asistans FEMA apre Siklòn Idalia pral resevwa lèt kalifikasyon ki soti nan FEMA eksplike estati aplikasyon ou an. Sivivan ki pa dakò ak desizyon FEMA a kapab konteste. Li lèt la ak anpil atansyon paske li pral eksplike w rezon refi a ak sa ou kapab gen bezwen pou soumèt ak yon lèt apèl.
Ou p ap peye taks sou yo sibvansyon FEMA yo. Aplike pou asistans pou katastwòf pa p afekte lòt avantaj federal ou kapab resevwa yo.
Pwopriyetè kay, lokatè, pwopriyetè biznis ak kèk òganizasyon ki fè pèt nan Siklòn Idalia kapab jwenn prè pou katastwòf bò kote Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA).
Si ou ap viv nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor epi Siklòn Idalia te frape w, FEMA gen dwa kapab ede w ak tanporèman ak depans nan kay, reparasyon debaz nan kay oswa lòt bezwen esansyèl ki gen pou wè ak katastwòf la men asirans pa kouvri.